Wi, Granmèt o, nou kwè,
Men fè n’ kwè pi fèm toujou.
1. Si ou kwè tout bon vre Jezu se Granmèt la,
Si ou kwè tout bon vre Papa a fè l’ leve byen vivan,
Enben ou sove.
2. Si ou kwè tout bon vre Jezu ba ou Lespri,
Si ou kwè tout bon vre Lespri a ap vin avè’w,
Enben ou sove.
3. Si ou kwè tout bon vre ou menm tou
ou genyen pou leve byen vivan,
Si ou kwè tout bon vre
Jezu gen pou l’ tounen met tout bagay an plas,
Enben ou sove.