Vrè lavi a se mwen ki bay li,
Sous lavi a se nan mwen li ye,
Moun ki manje kò mwen
li mèt sèten l’ ap viv pou tout tan.
1. Se mwen menm Pen vivan ki desann sot nan syèl
Yon moun ki manje mwen, li va genyen lavi.
2. Mwen se Bon Gadyen k’ ap kondi mouton mwen,
Sa k’ koute vwa m’, m’ ap mennen l’ nan bon patiraj.
3. Kòm se yon manje k’ ap nouri tou sa k’ vle,
San m’ se yon vrè bwason k’ ape donnen lavi.
4. Ou k’ santi ou san fòs, vini jodi a menm,
Ou ki gen tèt chaje, vini m’ a soulaje w’.
5. Ou ki dekouraje, vini pran fòs nan mwen,
Ou y’ ap pèsekite, vini m’ a konsole w’.
6. Ou menm k’ ape konbat nan chemen lavi a,
Ou menm k’ ape lite, vini non pou m’ ede w’.
7. Ou menm ki pèdi: wi, chak fwa mwen rele ou.
Leve non vini jwenn mwen m’a va ba w’ fòs.