Ala bèl mezanmi wi sa bèl, lè yon moun rankontre Jezu-Kri
Pou l’ aksepte ba li tout lavi li.
Ala bèl mezanmi wi sa bèl, lè yon moun rankontre Jezu-Kri
Pou l’ deside suiv li nèt ale.
1. Jezu rele nou pou n’ mache avèk li
si n’ fè sa Paròl li mande, na rive.
2. Jezu se limyè k’ ap klere nan fènwa
pou nou mache nan chemen dwat, vin jwenn li.
3. Jezu se sous dlo k’ ap koule sasn rete,
pou lavi nou grandi, pou n’ pròp vin bwè li.
4. Jezu se renmen k’ ap chèche tout fon kè,
pou nou viv ak kè kontan, vin jwenn li.
5. San Jezu koule anro kwa pou tout moun,
pou tout peche nou jwenn padon gade li.
6. Jezu se paròl Verite pou tout tan,
si nou vle lavi nou chanje, kwè nan li.
7. Jezu se pen k’ ap bay lavi Bondye a,
pou nou tout gen lavi pou tout tan, vin manje.
8. Jezu chwazi nou pou n’ travay avèk li,
pou n’ suiv li san gade dèyè, fò n’ lite.