Viv Paròl Bondye a, Paròl Delivrans la. (2)
1. Nan premye kòmansman Paròl la te la,
Paròl te kote Bondye.
2. Se Bondye Paròl la te ye.
Li menm li te kote Bondye nan kòmansman.
3. Tout bagay se gras a Paròl la yo fèt,
Nan tou sa ki te fèt, anyen pa fèt san li.
4. Enpi Paròl la vin tounen yon moun,
li drese joupa li nan mitan nou.