SOLO: Kretyen an nou chante, kokenn mèvèy sila a.
Kris la mouri li leve!
Viv Jezu-Kri ki sove nou.
Lanmò kaba, nou gen lavi.
Alelouya, Alelouya, Alelouya, Alelouya.
1. Nouvèl estròdinè, wi mèvèy sa san parèy vre.
Jezu te byen mouri, Papa li leve l’ byen vivan.
2. Men tout moun bèkèkè, sèl sa y’ap di se: «Bravo».
Bravo, viv pou nèg sa a ki kraze lanmò anba pye l’.
3. Men Jezu te di sa a, e paròl li konsekan vre.
«Kraze kokenn tanp sa a, m’ap rebati li sou twa jou.
4. Si n’ soufri ak Jezu, se avèk li n’a viv tout tan.
Si nou mouri ak li, nou va leve tou byen vivan.