Viv Bondye se pou tout tè a pran chante
Viv Bondye se pou nou ta voltije
Viv Bondye chante pou vwa nou ta bouche
Viv Bondye tout lajounen san rete.
1. Kijan n’ ta fè pou n’ pa pale
Kouman n’ fè pou n’ pè deklare
Granmèt la se Bondye n’ li ye
Li la avèk nou tout kote.
2. Sa pa difisil pou n’ konprann
Kilès Granmèt la vle defann
Se sa Jezukri vle n’ aprann
Se pou nou tout fè yon sèl bann.