SOLIS: Koulye a, an nou fè fèt pou Bondye nou an.
FOUL: Viv Papa a ki fè nou, [Alelouya]
Viv Jezu ki sove n’, [Alelouya]
Viv Lespri a k’ fè n’ pitit Bondye
Kounye a e pou tout tan. (2)
1. Konpliman pou Papa a pou jan l’ gran, pou jan l’ bon,
Li fè tou sa nou wè ak tou sa nou pa wè.
Se pou moun li renmen yo viv an pè sou tè a.
Tou sa ki egziste dwe chante lwanj li.
2. Konpliman pou Jezu ki vin libere n’ sot anba tout chenn
Pou nou kap viv kòm moun e kòm pitit Bondye.
3. Konpliman pou Lespri Sen an k’ap mennen Legliz la,
Se li k’ap montre nou chemen pou n’ ale nan syèl la.
Se li k’ap fè nou vin pi sen, se li k’ap konsole n’.
Se Lespri Papa a ak Jezu k’ap aprann nou renmen.
CODA:
Amèn, Alelouya, Amèn, Alelouya, Amèn, Amèn, Amèn. (2)