Al fè rout ou satan, men sa k’ ekri
Se Bondye Granmèt ou pou adore
Se li menm sèl pou ou sèvi.
1. Lespri a vin kondui Jezu nan savann nan
Li ret san manje karant jou ak karant nuit.
Dyab la vin eseye l’ men li pa reyisi
Jezu kenbe fèm, li voye satan ale.
2. S’ou se Pitit Bondye, fè ròch sa a tounen pen
Jezu fè l’ sonje moun pa viv ak pen sèlman
Men se ak tout paròl ki sot nan bouch Bondye
Jezu kenbe fèm, li voye satan ale.
3. Satan mete l’ chita sou tèt kay sakre a
S’ou Pitit Bondye, wa jete kò ou anba ;
Zanj Bondye va kenbe w’ yo pap kite w’ tonbe.
Jezu kenbe fèm, li voye satan ale.
4. Dyab la vin mete li sou tèt yon mòn ki ro
Li montre l’ richès ak tout pouvwa ki genyen
M ap fè ou kado sa s’ou lage kò ou atè.
Jezu kenbe fèm, li voye satan ale.
5. Satan ap vin sou nou prèt pou fè nou tonbe
L ap vin eseye n’, menm jan li fè pou Jezu
Fò nou pa badinen, fò nou pa plezante
Se pou n’ kenbe fèm e voye satan ale.