Lè m’ gade tout tray m’ap pase,
mwen vin pèdi tout espwa,
mwen santi m’ dekouraje,
vin pote m’ sekou Granmèt.
1. O, grangou fè m’ mal, chagrin anpare m’.
Kilès pou m’ rele, se ou Granmèt.
2. O, Papa souple pa ban nou do nèt.
Vire gade nou tanpri souple.
3. O, mwen nan bezwen montre mwen kijan
Pou m’ soti nan eta sa a, tanpri souple.