1. Granmèt mwen, fè m’ travay pou lapè:
Yo rayi fè m’ chèche met renmen.
Granmèt mwen, fè m’ travay pou lapè:
Yo joure, fè m’ chèche met padon.
Lapè, lapè, lapè, vin sou nou; [Vini, vini, vini, lapè!
Lapè, lapè, lapè, vin nan kè n’. [Vini, vini, vin nan kè n!
[Lapè vini, Lapè vini!
2. … Yo gen kont, fè m’ chèche met linyon.
… Yo tronpe, fè m’ chèche met sa k’ vre.
3. … Yo fè dout, fè m’ chèche met lafwa.
… Yo febli, fè m’ chèche met espwa.
4. … Yo nan nwa, fè m’ chèche met limyè.
… Yo chagren, fè m’ chèche met jou fèt.
5. … Pou frontyè sou latè disparèt
……Pou Mari Rèn lapè dirije n’.