SOLO: Tout vwa eklate di: Viv Bondye nan syèl la !
Tout zanmi Bondye yo rele : Viv Granmèt la !
Viv Bondye ki nan syèl la,
An nou fè fèt pou jan li bon, Alelouya,
Viv Bondye ki nan syèl la,
Chante, danse ak kè poze. Alelouya.
1. Viv Papa a ki kreye syèl la ak tè a
Ak tou sa ki ladan yo.
Se li menm pou n’ adore,
Se li ki sous lavi nou.
2. Viv Pitit la k’sove tè a ak tout moun
Nan efase peche yo.
Se li ki mouri pou nou,
Li sèl ki Wa pou tout tan.
3. Fò n’ di viv Lespri Sen sous renmen Papa a
Ansanm avèk Pitit la,
Se li k’ap gide n’ chak jou
Nan vrè chemen renmen an.