Tout sa n’ genyen, tout sa n’ ye,
Se ou ki ba nou yo.
Nou vin remèt yo nan men ou, Granmèt.
Pran yo pou fè sèvis ou.
Tout sa n’ genyen, tout sa n’ ye,
Se ou ki ba nou yo.
Nou vin remèt yo nan men ou, Granmèt.
Pran yo pou sove frè n’ yo.
1. Depi anvan mwen fèt ou te deja konnen m’.
Depi nan vant manman m’ ou te deja chwazi m’.
Ou gen yon plan sou mwen ki fè ou mete m’ ap viv.
Si m’ pa fè volonte ou, mwen pap janm reyisi.
2. Ti pen n’ap ofri ou la, se ou ki ba nou li.
Diven n’ap ofri ou la, se nan men ou li sòti.
Anpil moun te travay pou yo jan yo ye a.
Konsa yo reprezante tou sa ki sou tè a.