Ti gout amitye, se sa m’ genyen, se sa m’ ba ou. (2)
1. Si m’ ba w’ lajan, kè ou kontan,
aprè kèlketan, lajan pantan,
men amitye pap janm fini,
se nan Bondye renmen sòti.
2. Si m’ ba w’ manje, kè ou kontan,
aprè yon ti tan w’ ap vale van,
men amitye pap janm fini,
se nan Bondye renmen sòti.
3. Lè gen zanmi, se kè poze,
nan pwen problèm san solisyon,
si gen zanmi, genyen konfyans,
youn jwe sou lòt kè nou poze.
4. Si gen mechan k’ ap viv toujou,
Jistis Bondye se kabwèt bèf,
l ale dousman, men l’ ap rive,
Paròl Bondye pap bay manti.
5. Tankou Papa renmen Jezu,
Yo toulede ban n’ Lespri Sen,
Yo abite nan kè Mari,
Y ap fè nou viv nan kè poze.