Tèt ansanm ak men nan men
N’ap bati yon lòt demen
Kote jistis, pè, renmen
Tout bon va rive jèmen.
1. Nou bezwen gason kanson,
Nou bezwen fi ki gen kran.
Pou n’ bati yon lòt demen
Kanmenm fò n’ chanje chemen
Pou n’ f’on plan sou yon lòt ekran
Rebati ak bon mason.
2. Nou bezwen moun ki gen fyèl
Pou n’ rive jous nan rasin
Se rasin nou ki pouri,
Nou pap pèdi pyès pari.
Nou tout n’ ap gen menm konsign
Tè nouvo = avangou syèl.
3. N’ ap bati yon lòt demen
Men nou pap ret tann demen,
Tout zouti nou la sou men,
Se kouny’a pou nou met men.
Nou tout n’ap pran menm chemen
Pou n’ bati yonn lòt demen.