Mwen batize nan lanmò ak nan leve Jezu-Kri.
Mwen batize nan lafwa pou m’ fòme Legliz Kris la.
Mwen batize nan Legliz pou m’ sèvi Jezu temwen.
Mwen batize nan renmen pou sove tè a.
1. Mwen batize pou m’ mache dèyè Jezu-Kri toutan.
Pou se li menm sèl mwen sèvi.
2. Mwen batize pou m’ chante lwanj Bondye ki twa fwa sen.
Pou m’ fè konnen mèvèy li fè.
3. Mwen batize mwen make pou m’ pa pèdi nan lanmò.
Pou m’ mache dwat sou rout syèl la.
4. Mwen batize pou m’ konbat, detwi dènye sa ki mal.
Kote li ye, pou m’al rache l’.
5. Mwen batize pou m’ pale paròl ki bay lavi a.
Pou m’ fè konnen sa Bondye vle.