Si w’ gen kado pou pote mete sou lotèl Granmèt la,
Sonje si w’ pa gen lènmi ak tout lòt frè w’ yo,
Men si w’ gen lènmi, ou mèt retounen ak sa ou pote a,
Ale rankontre lòt frè w’ pou rekonsilye.
1. Se lè nou pa ògeye,
se lè nou pa divize,
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa Bondye beni kado n’ yo.
2. Se lè Bondye rele nou,
se lè pou n’ al fè misyon,
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa a Bondye beni kado n’ yo.
3. Se lè nou met tèt ansanm,
se lè gen kolaborasyon,
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa Bondye beni kado n’ yo.
4. Se lè nou pa gen kont a Dye,
Se lè fò n’ renmen tout moun,
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa Bondye beni kado n’ yo.
5. Se lè youn vle viv ak lòt,
Se lè nou tout fè yon sèl,
Se lè Bondye chwazi nou,
Se lè sa a Bondye beni kado n’ yo.