1. Juif yo kondane m’,
Gad yo souflete m’…
Se poutèt sa ou te voye m’,
M ap kontinye chemen w’ trase m’. (2)
2. Bout bwa a ap peze m’, 9. Fòs kwa a depòte m’,
Sòlda a maltrete m’… Fòs pa mwen lage m’…
3. Soufrans la kraze m’, 10. Rad mwen k’ abiye m’,
Doulè a jete m’… Yo pran l’, li blese m…
4. Manman m’ rankontre m’, 11. Sou Kwa a yo kloure m’,
Li ankouraje m… Mato ap frape m’…
5. Simon vle ede m’, 12. Manman m’ ret tou pre m’,
Se pou l’ ta pote m’… Papa m’ pa lage m…
6. Yon fi vin proche m’, 13. Manman m’ anbrase m’,
Mouchwa li siye m’… Nan kè l’, l’antere m’…
7.Yon ròch kase pye m’, 14. Jozèf anbome m’,
Bouro yo choute m… Nan kav li mete m’…
8. Medam yo gade m’, 15. Tè a mèt vale m’,
Rèl yo kontrarye m’… Dimanch, m’ ap leve m’…