Se nan Bondye tout konfyans mwen ye
Se li menm sèl ki konnen fon kè m’
M’ap bat bravo, m’ap fè lwanj pou li
Li avèk mwen tout kote m’ pase.
1. Mwen konnen Bondye te kreye mwen
Avèk tout fòs li; mwen konnen
Amou li pou mwen pap janmen fini.
2. Mwen konnen genyen Jezu. Kri,
sèl grenn Pitit Papa a,
Li vini mouri sou lakwa a
Pou l’ te kab sove nou.
3. Mwen konnen gen Lespri Sen an
Renmen Jezu sou tè a
Mwen konnen l’ap toujou klere mwen
Se Bondye li ye tou.