Sa se pen Lavi a, pen laverite a,
Manje l’ pou n’ sa genyen lavi.
1. Si w’ manje pen sa, w’ap gen lavi,
Lanmò pap janm gen pye sou ou.
Si w’ manje pen sa w’ap vin wè klè
Ou pap vle wè fènwa ankò.
2. Si w’ manje pen sa a w’a vin rayi
Rayi tou sa ki fè moun mal.
Si w’ manje pen sa a, w’ap vin renmen
Renmen prochen ou avèk tout kè ou.
3. Sa se pa lamàn, Bondye voye,
Men se Kò pròp Pitit li a.
Si w’ manje pen sa a ou va vin rich.
Avèk anpil bon santiman.
4. Si w’ manje pen sa a w’ap vle travay
Pou genyen yon lòt sosyete.
Si w’ manje pen sa a w’ap gen lespwa
Yon jou tout bagay va vin byen.