Sa pòv genyen se sa l’ pote nan mache.
Sa yon manman genyen se sa l’ bay pitit li.
Nou vin remèt lavi nou nan men ou Granmèt.
Ak tout renmen ou mete nan kè nou.
1. Tout sa nou genyen se gras a ou menm Bondye.
Lespri nou, kè nou, kò nou, kouraj nou.
Se pi bèl kado ou te ba nou pou nou viv.
Mèsi jodi a e pou tout tan.
2. Nou vin di ou mèsi pou tout zanmi ou ba nou yo.
Pou tout frè ak sè k’ap antoure nou.
Ansanm avèk yo n’ape lite pou nou viv.
Mèsi jodi a e pou tout tan.