Se pou nou tout renmen
Menm jan Jezu renmen.
Si youn veye sou lòt,
Nou va kapab viv kòt a kòt.
Lè de moun rayi lòt,
Sa se afè moun sòt.
Youn pa kab viv anpè,
Ni byen alèz pou fè progrè.
1. Jodi a manje ak mwen, 3. m’ ape fè ou konfyans,
M’a manje avè ou demen. Ou menm tou fè mwen konfyans,
N’a met ansanm apre demen Nou tout nou genyen lòt konfyans
E jounen nou va sèten. Pape janm genyen doutans.
2. M’ ape ba ou lamen, 4. Kote gen pitit Bondye,
Ou menm bay yon lòt lanmen. Pa ta dwe genyen fache.
N’a fè yon sèl tout lajounen, Nou di chak jou se frè nou ye,
Nou va toujou rete byen. Nou pa gen dwa divize.