Nwèl la rive, kè tout moun kontan,
Y ap chante, danse, rele viv Nwèl!
1. Nouvèl estròdinè, se Nwèl,
Bondye parèt sou nou, viv Nwèl,
Bondye vin tou piti, se Nwèl,
Nan yon ak Betleyèm, viv Nwèl.
2. Manman l’ rele Mari, se Nwèl,
Pitit la se Jezu, viv Nwèl,
Jezu vle di sovè, se Nwèl,
Nan Jezu nou sove, viv Nwèl.
3. Mesi a menm li ye, se Nwèl,
Se li menm ki sèl Wa, viv Nwèl,
Jezu tankou ti pòv, se Nwèl,
E li renmen pòv yo, viv Nwèl.
4. Yon gro zetwal parèt, se Nwèl,
Klere tankou solèy, viv Nwèl,
Chak fwa n’ viv nan renmen, se Nwèl,
Sitou avèk pòv yo, viv Nwèl.