Pòv yo fè yon rèv, ki enteresan:
Bondye rele yo pou y’ al toupatou,
pou mete jistis, pou mete renmen,
pou mete pataj, pou yon lòt sosyete.
1. Se pa pran plas lòt, se pa rayi lòt,
se òganize pou tout moun vin moun.
2. Se met yon sistèm ki pa janm pèmèt
pou yon sèl ti group pran tè a pou yo.
3. Se al konvoke tou bòn volonte,
pou yon bèl projè ki bay anvi viv.