SOLO: Pou jan Bondye debyen, pou jan li gran,
Chante, frape tanbou, jwe mizik, chante:
Viv Bondye ki nan syèl la,
ansanm an n’ fè vwa n’ eklate, [Alelou, Alelou, Alelouya!]
Viv Bondye ki nan syèl la, Alelouya, Alelouya!
[Alelou, Alelou, Alelouya!]
1. Glwa pou Bondye Papa a, Alelouya!
Ki kreye syèl la ak tè a, Alelouya!
Se li ki sous lavi, Alelouya!
Se li k’ ap toujou la o, Alelouya!
2. Glwa pou Bondye Pitit la, Alelouya!
Se li ki te tounen moun, Alelouya!
Pou lite sove nou, Alelouya!
Li mouri sou lakwa o, Alelouya!
3. Glwa pou Bondye Lespri a, Alelouya!
Se li k’ ap chanje kè nou, Alelouya!
Se li ki sous kretyen yo, Alelouya!
Li se fòs Legliz la o, Alelouya!
CODA:
Alelouya, kè n’ ap chante,
Alelouya, glwa pou Bondye,
Alelouya, viv Jezukri,
Alelouya, lwanj Lespri Sen, Amèn! Amèn!