Pa vire do ban mwen Papa mwen o,
ou se yon bon Papa, ou a padonnen m’.
1. Yon moun debyen te genyen de pitit gason,
pi piti a di Papa l’ ban m’ pòsyon byen pa m’.
2. Papa a koute l’ e li fè jan li di l’ la vre,
Pitit la prese pati, l’ale banboche.
3. L’al letranje l’gaspiye dènye lajan li
jis tan grangou vin frape l’, mouche pran kriye.
4. Pou degaje l’ l’oblije al gade kochon,
mouche a wè se pa jwèt, l’sonje lakay li.
5. Afè m’ pa bon m’a tounen kote Papa mwen.
M’a di l’konsa: padonnen m’, pran m’ pou sèvitè w’.
6. Papa jenn nonm nan t’ap veye rout la chak jou,
Li wè mouche ap vini, l’kouri al kontre l’.
7. Padon Papa, mwen konnen m’aji mal avè ou,
pa rele mwen pitit ou, m’pa merite sa.
8. Provèb la di: dwèt pou ou pa koupe l’ jete,
Papa a di tout moun li yo: An n’ fè fèt pou li.