a) Jezu leve li chavire lanmò.
An nou rele bravo viv Papa Bondye.
b) Se pou dènye moun rekonèt se ou sèl ki wa.
Ki gen tout pouvwa, ki chef sou tout Bagay.
1. Jezu leve (oo) farizyen yo sezi (oo)
Yo wè devan Bondye lanmò pa anyen (hou hou hou)
2. Jezu leve (oo) lafòs pèdi lafas (oo).
Nou wè vre se renmen ki gro puisans la (hou hou hou)
3. Jezu leve (oo) se lafwa k’ triyonfe (oo).
Dènye moun ki kòrèk, gen pou leve tou.
4. Jezu leve (oo) se depoze lèzam (oo).
Pou n’ chèche lajistis ak laverite (hou hou hou)