Paròl Granmèt la tankou yon chandèl,
Ki fè m’ wè kote pou mwen mete pye m’.
Paròl Granmèt la se yon bèl limyè
K’ape klere toutan chemen lavi mwen.
1. Mwen fè sèman epi m’ vle kenbe l’,
M’ vle fè tou sa ou te deside pou mwen,
Granmèt gade mizè malere,
Ba yo lavi ou te promèt la.
2. Granmèt koute m’ lè m’ap lapriyè w’
Fè m’ konnen tou sa ou te deside pou mwen.
Pa kite m’ pran chemen esplwatè,
Fè m’ pataje avèk frè mwen yo.
3. Mwen pa ta vle bliye lòd ou yo,
Fè m’ aksepte tou sa w’ deside pou mwen.
Ban mwen kouray pou m’ pale de ou
Se pou mwen viv nan fè sèvis ou.