Paròl Bondye vin tounen moun,
li abite nan mitan nou.
1. Nan kòmansman Paròl la egziste,
se kot Bondye Paròl la te rete.
2. Paròl la menm, se Bondye li te ye,
Nan kòmansman, li te avèk Bondye.
3. Se gras a li tout bagay egziste,
san li menm menm, pat gen anyen ki fèt.
4. Se li menm menm ki lavi tout bagay,
lavi a menm li se limyè lèzòm.
5. Limyè a menm li klere fènwa,
fènwa yo menm pa reyisi toufe l’.
6. Paròl la se limyè tout bon vre a,
li vin klere tout moun ki sou tè a.
7. Li te sou tè a, se li menm ki fè l’,
men moun sou tè a pa rekonèt li.
8. Li vin lakay li pou l’ fè ladesant,
men moun lakay li pa vle resevwa l’.
9. Sa k’ resevwa l’, ki met lafwa nan non l’,
li ba yo dwa pou vin pitit Bondye.
10. Paròl la fè tèt li vin tounen moun,
li abite nan mitan nou, nou wè l’.
11. Nou wè bèlte li pran sot bò Papa l’,
kon sèl Pitit plen favè, verite.