Paròl Bondye tounen yon moun vivan.
Gade Jezu, n’a wè limyè Bondye,
N’a dekouvri kisa sa ye renmen.
1. Renmen, se nan syèl li sòti.
Renmen, se nan syèl l’apr’ale.
Renmen, vini viv nan kè nou.
Renmen fè nou tounen limyè.
2. Renmen, s’on piyay kè kontan.
Renmen s’on fòs ki louvri kè n’.
Renmen, fè nou wè tout moun bèl.
Renmen, se yon fete san fen.
3. Renmen, fè n’ admire prochen n’.
Renmen raproche nou kon frè.
Renmen fè youn padonnen lòt.
Renmen fè youn kenbe ak lòt.
4. Renmen fè wè moun gen valè.
Renmen kontan wè moun anfòm.
Renmen gen konfyans nan chak moun.
Renmen, se chemen devlopman.