Paròl Bondye a pral blese kè ou,
Kite l’ blese ou pou move san ki nan kè ou la koule;
Men koule li fin koule tou w’a vin yon moun nouvo.
1. Paròl Bondye a se yon kouto ki koupe toupatou,
Kote l’ pase li penetre nan tout aktivite
Pou l’ met lalibète.
2. Paròl Bondye a se yon limyè ki klere nan fèwna,
Kote l’ rive li anvayi dènye malis kache
Pou l’ met lalibète.
3. Paròl Bondye a se verite ki pa vle wè manti,
Lè ou bay manti li boulvèse ou jis nan fon konsyans ou
Ou pa an libète.
4. Paròl Bondye a se yon dife k’ap flanbe nan kè nou
Kote l’ rive li vle boule tout move santiman
Pou l’ bay lalibète.
5. An n’ fè lwanj pou Jezu-Kri paròl Papa Bondye
Nan Lespri li k’ap aprann nou viv nan la verite
Pou n’ gen lalibète.