MEN OU
Papa, mwen remèt lespri mwen nan men ou,
Papa anye, mwen remèt lespri mwen nan men ou.
1. Mwen te fè volonte w’ Papa nèt ale,
Mwen te toujou mache deve w’ san gade dèyè.
2. Mwen te pale paròl ou Papa nèt ale,
Mwen te toujou denonse sa k’ mal, anonse sa k’ byen.
3. Mwen te fè konnen Non w’ Papa se renmen,
Mwen te di yo e m’ te montre yo jan w’ renmen lèzòm.
4. Mwen te di yo renmen ou Papa ak tout kè,
Mwen te di yo pou youn renmen lòt, youn devwe pou lòt.
5. Mwen te preche Règn Wa Papa ki tou prè,
Mwen te di yo: prese chanje vit, chanje lide yo.
6. Mwen te aprann yo rele: Aba! Papa mwen,
Mwen te di yo: ou renmen tout moun sitou pi pòv yo.