Pak mande m’ pase sot nan lanmò al nan lavi.
Pak mande m’ pase sot nan fènwa al nan limyè.
Pak mande m’ kite tout esklavaj pou m’ ka vin lib.
Pak mande m’ pase sot nan rayi vin nan renmen.
1. Menm jan Abraam te pati kite tè l’ la.
Menm jan Israyèl te pati sot Lejip la.
Menm jan Levi te pati kite biro l’ la.
Se konsa Pak mande m’ pou m’ kite peche Řm yo.
2. Menm jan Moyiz te fè pèp la sot Lejip la.
Menm jan Jezu te bay vi l’ poul’ delivre n’.
Menm jan Mari te ede l’ sove tout moun nan.
Se konsa Pak mande m’ pou frè m’ yo delivre.
3. Menm jan Zache te sispann fè enjistis la.
Menm jan Matye te sispann esplwate moun nan.
Menm jan sen Pòl te sispann touye kretyen yo.
Se konsa Pak mande m’ pou mwen chanje vi mwen.
4. Menm jan Abraham te jwe lavi l’ sou Bondye.
Menm jan profèt yo te konte sou li sèl la.
Men jan Apot yo te met lafwa nan li a.
Se konsa Pak mande m’ pou m’ konte sou Bondye .
5. Menm jan Israyèl travèse lanmè rouj la.
Menm jan Anj lan di Mari l’pa bezwen pè a.
Menm jan Lespri Sen an ap mennen Legliz la.
Pak vle di m’: «Pa pè, Bondye ap proteje mwen».