O Granmèt voye je w’ sou lavi pitit ou yo,
n’ ap peri, delivre n’, vin ba nou lespwa.
Voye Sovè a non! Ou te promèt zansèt nou yo,
se ou ki sèl fòs nou, ou se Bondye malere.
1. Bondye Granmèt tande rèl nou
Nan bafon lanmò sa a, vini delivre n’.
2. Ou te promèt nou yon sovè,
Se li menm menm n’ ap tann, voye li souple.
3. Prese vini, Jezu Granmèt,
nou pa kab tann ankò, soufrans la trò di.
4. Peyi ou a, men n’ fin kraze l’,
O Granmèt vini non, refè Ayiti.
5. Granmèt nou an pa nan pran pòz;
L’ ape vini, se vre, men tankou yon pòv.
6. Jezu vini, tout moun pa kwè l’;
Se pòv yo an premye ki te akeyi l’.
7. Jezu vini pòv yo kanpe,
Wi, li leve tèt yo, ki pat gen valè.
8. Jezu vini, chanje kè nou,
Mete renmen ladan l’ avèk lajistis.
9. Jezu vini, se pou tout moun
viv nan laverite ak lalibète.
11. Dat fèt Nwèl fè nou sonje
Sovè k’ te vini an gen pou retounen.
12. Mèsi lesyèl, twa fwa mèsi;
Louanj pou ou tout tan Bondye malere.