O ala mèvèy ou fè pou mwen, Bondye m’ o,
O ala renmen ou renmen mwen, Papa bon kè!
O ala mèvèy ou fè pou mwen, Bondye m’ o,
O ala renmen ou renmen mwen!
1. Mwen rele ou Papa, ou rele m’ Pitit
Ou ban m’ batistè, se sa k’ fè m’ se kretyen.
Suiv mwen pazapa, pou ban mwen lebra,
Chak fwa m’ manke pye ou va ede m’ drese.
2. Si mesaj ou a ta nan men gran nèg,
Ti nèg gro zòtèy pa ta kapab pale,
Ou kite l’ kache pou moun gran panpan,
Tou sa ki senp yo trò kontan separe l’.
3. Si mwen gen espwa, m’ap viv ak lajwa,
Tou sa se paske Jezu mouri l’ leve.
Pitit ou vini, li bay lavi li
Paske ou deside se konsa pou sove n’.