Nouvèl estròdinè, (2) moun pa janmen tande oo
An nou di: Alelouya, Alelouya, Mèsi Bondye!
1. Jezu Leve, li leve reyèlman vre,
li pale ak Mari Madlèn
ak Pyè ak nèg Mayis yo.
2. … E konsa lanmò pèdi
pouvwa koulye a
sou pitit Bondye yo.
3. … Li fè Toma wè l’
e touche kò li,
Li manje avèk lòt disip yo.
4. … Li di nou,
nou menm k’ape soufri:
Kouraj rejwi nou avèk mwen!