Notre-Dam, Manman Mari,
ou se manman tout pitit Bondye,
Notre-Dam, Manman Mari,
jodi a, n’ ap mande ou konkou.
1. Ou se manman Granmèt la chwazi a,
ou se manman Granmèt la met apa,
ou se manman ki konprann plan Bondye,
ou se manman ki konn sekrè Bondye.
2. Ou se manman Granmèt la ba nou an,
ou se manman ki pote tout espwa,
ou se manman ki renmen tout pitit,
ou se manman ki pote nou nan kè.
3. Ou se manman ki konnen tout problèm,
ou se manman ki renmen tout pitit,
ou se manman ki konprann ka tout moun,
ou se manman ki soulaje tout moun.
4. Ou se manman Lespri Sen kouvri a,
ou se manman ki ba nou bon konsèy,
ou se manman Granmèt la beni an,
ou se manman ki genyen tout pouvwa.
5. Ou se manman ki konnen tout doulè,
ou se manman ki konprann tout problèm,
ou se manman ki koute tout soufrans,
ou se manman ki konnen tout lapenn.