Nèg ak nègès Dayiti Toma leve! (Alelouya)
Vin chante glwa pou Bondye pou jan li bon (Alelouya)
Se Bondye menm ki rele n’ vin rasanble! (Alelouya)
Frape tanbou, jwe mizik, danse pou li!
1. Bondye voye mesaje li vizite nou,
Ala renmen Bondye menm renmen Ayisyen!
2. Ala yon kokenn lespwa nèg gen nan Bondye,
Ala konte, Bondye menm konte sou nou tou!
3. Wi se depi nan Ginen Bondye ap chèche n’
Wi depi «Lafrik Ginen» Bondye ap rele n’!
4. Kilè dènye nèg va mache vin jwenn Bondye,
Kilè dènye Ayisyen va reponn li tou?
5. Se pou nou fè yon sèl kò Kris la te vini
Se pou n’ kab fè yon sèl kò Kris la te mouri.
6. Kris la leve byen vivan, pou li ban n’ lavi,
Kris la monte nan syèl la l’ap tounen chèche n’.
7. Viv Papa a ak Pitit la nan Lespri Sen an,
Viv Mari, Manman sovè Bondye ba nou an.