N’ape ofri ou Granmèt o
Tou sa n’ genyen.
N’ape ofri ou Papa o
Tou sa lavi nou ye.
1. N’ape ofri ou Granmèt ti moso pen sila a,
Mèsi Papa pou sa ou pral fè avè l’ pou nou.
2. N’ape ofri ou Granmèt ti gout diven sila a,
Mèsi Papa pou sa ou pral fè l’ tounen pou nou.
3. N’ape ofri ou Granmèt tout frè ak sè nou yo.
Mèsi Papa poutèt ou toujou pran ka yo.