W’ap ban m’ lanmen
M’ap ba ou lanmen tou.
E n’a wè sa ka rive.
M’ap ba ou lanmen.
W’ap ban m’ lanmen tou.
Lè sa a menm se kè koze.
1. Paske yon jou ou te gade mwen.
Lè sa a menm, mwen t’ap chèche vre.
Paske yon jou, ou te banm lanmen,
Depi lè sa a, mwen chanje.
2. Paske yon jou, ou te gade m’ frè.
Lè sa a menm mwen t’ap doute vre.
Paske w’ pat pè pou te banm lanmen,
Depi lè sa a kè n’ kontan.
3. Paske nou vle yon fratènite.
Lè sa a menm nou kab chante vre.
Paske yon jou nou te wè frè n’ yo.
Depi lè sa a kè n’ kontan.
CODA: Nou pa bliye tout frè kap tann nou.
Nou pra l’ chèche yo ak traka yo.
Nou pa gen dwa fèmen kè n’ ba yo
Pou n’ anpeche yo vin jwenn nou.