Mwen vin remèt ou kè mwen,
Mwen vin remèt ou tèt mwwen
Tout sa m’ gen tout sa m’ ye ak lavi mwen. (2)
1. Granmèt, men losti a, pran l’ pou nou.
Fè l’ tounen kò Jezu, pran l’ pou nou.
Aksepte li pou nou, pran l’ pou nou.
Se fwi travay nou l’ ye.
2. Granmèt men diven an…
Fè l’ tounen san Jezu…
Aksepte li pou nou…
Se fwi travay nou l’ ye.
3. Granmèt men lavi nou…
Fè l’ tounen lavi ou…
Aksepte li pou nou…
Se pa paske li bon.