Mwen vin di ou mèsi Bondye mwen,
Se ou ki sove mwen,
Se ou ki nouri mwen
Se ou ki leve tèt mwen.
1. Ou se Gadyen mwen se mouton an.
Ou mennen m’ al manje nan bèl savann.
Lè mwen rive pou mwen manje.
M’ wè savann sila a, se ou menm menm Bondye.
2. Mwen te mare nan kòd peche m’ yo.
Mwen te fin abitye anba lanmò.
Pa devouman, ou vin mouri.
Dekwa lè w’ap leve, pou m’ leve vivan tou.
3. Mwen t’ap drive nan vye rakwen an.
Mwen te ret ap pèdi tan.
Yon men ponyen m’, li fè m’ leve.
E men ki sove m’ sa a’, se ou menm menm Bondye.