Mwen konte sou ou,
Ou mèt konte sou mwen tou. (2)
1. M’ ap kenbe men ou frè mwen.
M’ap ede ou mache.
Mwen vle soutni ou sè mwen.
Mwen konte sou ou tou. (2)
2. M’ ap souri ba ou frè mwen.
M’ap gade ou nan je.
M’ vle konsole ou sè mwen.
Mwen konte sou ou tou. (2)
3. M’ ap louvri bra m’ frè mwen.
Kay mwen se pou ou.
Mwen vle renmen ou sè mwen.
Mwen konte sou ou tou. (2)