Mwen ba ou lamen vye frè mwen,
san ipokrizi mwen ba ou l’,
Pou nou mete men nan pat la,
Pou nou fè peyi nou mache.
1. Si m’ ba ou lamen, vye frè mwen,
Fòk ou kwè se san rankin
pou n’ bati yon lòt sosyete,
ki tabli sou verite.
2. Si nou tout nou rasanble la a,
pou nou fè lwanj pou Bondye,
fò w’ kwè li la nan mitan nou,
paske se li k’ di nou sa.