Mon Dye, Mon Dye, pou ki sa ou lage mwen?
M’ap fè soupi ni ou pa voye je.
Ou pa reponn ou sèl Papa mwen genyen.
Nan pye ou sèl kè mwen gen pou l’ plenyen.
1. Depi Adan, ni Noe, ni Abraam,
Papa nou yo konfye nan ou,
Ou sove yo, kan yo te rele ba ou
Ou ki yon Dye tout annamou.
2. Mwen menm, elas, se drive m’ape drive
Mwen se yon ront, yon vye fatra.
Tout moun moke m’, yo pase m’ anba rizib,
Y’ap plede di se ou m’ konnen.
3. Yo di: «N’ ap wè, se pou Bondye sove li,
Li se pitit Bondye renmen.»
Reyèlman vre, se ou ki te fòme mwen,
ou mete mwen sou bra manman m’.
4. Mwen pa t’ ko fèt, deja ou te sèl Dye mwen,
Chagren va tue m’, s’ou rete lwen m’,
Lapenn, fènwa va fini ak pitit ou,
Pap gen pèsonn pou pote mwen.
5. Mwen fin defèt, tout mwen menm fin dejwente.
Kè mwen vin mòl tankou lasi.
Gòj mwen seche kòm yon vye moso tòchon,
E nan bouch mwen, lang mwen kole.
6. Ala malè ki vin kraze pitit ou.
Ala pasay ki fonn sou mwen,
Moun yo pèse de men mwen ni de pye mwen,
Yo blayi mwen nan ran lanmò.
7. Zo nan kò mwen, yo konte yo youn an youn,
Yo touye mwen avèk mepri,
Yo pran rad mwen, yo separe l’ antre yo.
Tire-osò pou manto mwen.
8. Mon Dye, souple, pa rete lwen pitit ou.
Ou sèl fòs mwen, pote m’ sekou.
Mon Dye, souple, souple sove lavi mwen.
Ou fin kreye m’, pa fè m’ peri.