1. Legliz voye mwen tankou Jezu te voye
Mesaje nan tout kwen preche laverite, mesye.
Mwen pa vo anyen pou m’ sèvi Bondye temwen.
Paske se li menm ki vle avè l’ mape mache.
Tanpri pa lage mwen, Bondye se ou ki vi mwen,
Se ou ki pou kondi mwen.
Lè m’ ta santi m’ byen barase
Souple ban mwen lanmwen pou m’ pa dekouraje.
2. Tankou mouton ki nan mitan chyen anraje,
Granmèt la va kenbe mwen,
Mechan yo menm yo va chanje.
Bondye chwazi mwen e se onè li fè mwen.
Mwen pa dwe janm pè anyen dèske m’ape fè byen.
3. Si loraj gronde, menm si van ape vante.
Mwen pape pè ale paske Granmèt la avè m’.
Wi, mwen sèmante pou m’ kapab sèvi Jezu
Pandan chak jou nan lavi, jiskaske mwen mouri.