Mèsi Bondye, mèsi Granmèt, mèsi Papa.
Wi nan Jezu mèsi, pa lantremiz Lespri a.
1. Mèsi pou mete ou te mete m’ ap viv.
Lè m’ gade lavi sa a
* M’ di: «Al’on kado». (2)
2. mèsi pou tout bagay ou kreye pou mwen.
Lè m’ gade kreasyon an
* M’ di: «Sa se mèvèy. (2)
3. Mèsi pou sanble ou fè m’ sanble ak ou.
Lè m’ gade jan moun bèl
* M’ di: «Ala ou bèl «. (2)
4. Mèsi pou jan ou fè moun gason ak fi.
Lè m’ gade jan yo ye
* M’ di: «Ala ou gran». (2)
5. Mèsi pou tout byen ou fè m’ nan Jezu-Kri.
Lè m’ gade sou lakwa a
* M’ di: « Ou pa gen parèy». (2)