Mèsi Jezu o, mèsi gran frè mwen,
Mèsi poutèt ou kenbe men m’ nan men ou. (2)
1. Kote nou te janm wè yon bagay konsa:
Mèsi poutèt ou kenbe men m’ nan men ou.
Se Jezu Granmèt la ki vin pou pòv yo:
Mèsi poutèt ou kenbe men m’ nan men ou.
2. Mwen pap janm genyen yon kè kontan konsa…
Mwen santi tout bon vre jodi a m’ sove…
3. Ou montre tout moun yo jan ou gen bon kè…
Ou fè avèg wè, ou fè mò yo leve…
4. Men gan anpil moun ki pa vle suiv chemen ou…
Yo kwè yo kapab suiv de rout alafwa…
5. Nou te fin pèdi, ou menm ou sove nou…
Nou pa konn kijan pou nou di ou mèsi…