1. Poutèt renmen ou renmen m’ nan
Fòk mwen di ou mèsi!
Poutèt kreye ou kreye m’ nan…
Poutèt sove ou sove m’ nan…
Poutèt Legliz ou ba mwen an…
Poutèt Lespri ou la ou ban mwen an…
Poutèt lafwa ou ba mwen an…
Bondye koute vwa m’ k’ap di ou mèsi,
Mèsi pou tout sa ou fè pou mwen,
se nan jan m’ap viv paròl ou a
Chak jou pou m’ di w’ mèsi.
Bondye koute vwa m’ k’ ap di w’ mèsi,
Mèsi pou tou sa ou fè pou mwen
Se nan jan m’ap viv nan renmen an
Chak jou m’ap di w’ mèsi.
2. Poutèt rele ou rele m’ nan…
Poutèt renmen ou met nan kè m’…
Poutèt w’ap dirije lavi m’…
Poutèt ou lonje men ou sove m’…
Poutèt zanmi ou ban mwenn yo…
Poutèt ou kenbe men m’ nan men ou…