Anvan nou retounen lakay
Ansanm avèk tout frè nou yo
Nou vle pran tan pou nou di ou mèsi.
1. Mèsi Bondye pou tout mèvèy
Ou te fè pou pitit ou yo.
Ou montre nou kouman ou renmen nou.
Ou te mete nou sou latè
Pou nou fè lwanj pou ou.
Ou te mete tou sa ki bon
Pou kenbe lavi nou…
2. Mèsi Bondye ou pa gade
Sou sa nou fè pou ou mezire
Kijan pou te kapab pote n’ sekou.
Ou te promèt nou yon sovè
Ou te voye l’ ban nou
Ou te ban nou pròp pitit ou
Li té mouri pou nou…
3. Mèsi Bondye lè nou sonje
Tou sa ou fè tou sa nou dwe ou,
Nou santi kè n’ ap fonn anndan nou menm.
Nou te lage ou paske n’ te kwè
Nou te kab viv san ou
Men malgre sa ou pa te vle
Lave men ou avèk nou…
4. Mèsi Bondye pou jan ou gen
Pasyans ak nou jan ou sipote
Tout vye betiz nou fè nan figi ou.
Bondye Granmèt, jan nou engra
Ou pa bouke ak nou
Ede nou tou pou nou pa janm
Bouke ak frè nou yo…