Men n’ ap proche devan ou Granmèt
Avèk tout ti kado nou Papa
* Li mèt tou piti kou li ye
Tanpri resevwa li (2)
1. Adje Papa souple, kisa pou m’ ta ba ou
ou ki fè tout bagay, ou ki mèt tout bagay.
2. Kado nou pot pou ou, se tout jefò n’ ap fè
pou peyi n’ devlope, pou lavi nou pi bèl.
3. Kado nou pot pou ou, se tout jefò n’ ap fè
pou nou travay ansanm, pou tout moun viv alèz.
4. Nou vin ofri w’ Granmèt, tout renmen ki nan kè n’,
an menm tan n’ ap ofri w’ tout bòn volonte nou.